65 Country Club Rd, New Jersey

Language / Langue / Lang

Estati & Deklarasyon

Dokiman ofisyèl ki gouvène Pati Politik UPPCH — fondasyon, prensip, ak règleman nou yo.

Deklarasyon Prensip

Pati Politik UPPCH te fonde an 2025 nan yon kontèks kriz miltidimansyonèl ann Ayiti. Fas ak ensтabilite politik kronik, vyolans gang, povrete andemik, ak efondman enstitisyon yo, yon gwoup Ayisyen ki viv nan peyi a ak aletranje te deside inite fòs yo pou kreye yon nouvo altènativ politik.

Kat Pilye UPPCH

Jènes

Avni Ayiti depann sou jèn yo

Dyaspora

Ayisyen k ap viv aletranje

Fanm Ayisyèn

Chak fanm konte

Peyizan

Moun ki nouri peyi a

Valè Fondamantal

Jistis Sosyal

Pwogrè Sosyal

Solidarite Sosyal

Misyon

Misyon pati politik UPPCH se pwomote yon sosyete ekitab, jis ak pwospè kote chak Ayisyen ka reyalize potansyèl li. Nou angaje nou a defann dwa fondamantal tout moun, lite kont enjistis sosyal ak eksklizyon, ak etabli yon leta de dwa transparan ak responsab.

Vizyon

Konstwi yon UPPCH kote chak sitwayen gen aksè a opòtinite egal, kote jistis sosyal ak devlopman dirab nan kè politik piblik yo, ak kote demokrasi patisipativ pèmèt chak moun kontribye aktèlman nan konstwi yon nasyon ini ak pwospè.

10 Objektif Yo

  1. Redwi inegalite ak povrete
  2. Ranfòse enstitisyon demokratik yo
  3. Ranfòse leta de dwa
  4. Amelyore sèvis piblik yo
  5. Lite kont koripsyon ak gaspiyaj resous piblik
  6. Pwomote egalite chans ak meritokrasi
  7. Pwomote dwa moun
  8. Amelyore aksè a edikasyon
  9. Garanti aksè a swen sante
  10. Souverènte nasyonal ak jistis ekonomik

Credo

Nou, kamarad Pati UPPCH, kwè nan yon avni kote chak sitwayen ayisyen viv nan diyite, egalite ak jistis sosyal. Nou kwè nan yon Ayiti souverèn, kote resous peyi a jere pou benefis kominote a, pa pou elit politik ak ekonomik koripsyon. Nou kwè nan eritaj Jean-Jacques Dessalines — modèl politik nou — ak rèv li pou yon nasyon lib, egalitè ak ini.

Aksprioritè UPPCH

Jistis & Sekirite Piblik

Ekonomi & Finans

Edikasyon & Rechèch Syantifik

Sante & Sèvis Sosyal

Chapit I — Dispozisyon Jeneral

Non ak Senbòl

Atik 1Non ofisyèl pati a se: Union Patriotique pour le Progrès et le Changement d'Haïti
Atik 2Sigla pati a se: UPPCH
Atik 3Koulè pati a se ble syèl ak vèt. Ble syèl = senbòl espwa; vèt = espwa yon lòt Ayiti posib.
Atik 4Emblèm pati a se yon chandelye ki gen yon flanm nan mitan dezè a, senbòl limyè ki pral briye sou Ayiti nouvo.
Atik 5Deviz pati a se: "Jistis, Solidarite, Pwogrè"
Atik 6Syèj sosyal la se nan komin #......... depatman Sant lan.
Atik 7Syèj sosyal Pati UPPCH etabli nan ………, Ayiti. Li ka transfere nenpòt kote pa desizyon kongrè nasyonal la. Pati a ka kreye biwo rejiyon, kominotè ak lokal nan diferan zòn.

Objektif UPPCH (Atik 8)

  • Pwomosyon jistis sosyal ak ekonomik
  • Defans dwa moun ak libète fondamantal
  • Lite kont koripsyon ak enjistis nan tout fòm li
  • Pwoteksyon anviwònman an ak pwomosyon devlopman dirab
  • Ankouraje patisipasyon aktif sitwayen yo nan desizyon politik ak sosyal
  • Otodétèminasyon pèp la, souverènte nasyonal (politik ak ekonomik)
  • Retabli demokrasi, sekirite ak defans teritwa nasyonal
  • Emansipasyon yon nouvo klas sosyo-politik; eradikasyon povrete ekstrèm; meritokrasi nan administrasyon piblik yo sou tout etandi teritwa nasyonal la

Chapit II — Manm Pati A

Adhezyon

Atik 9Adhezyon nan Pati UPPCH ouvè pou tout sitwayen ayisyen ki gen 18 an ak plis, ki pataje prensip ak valè pati a.
Atik 10Manm yo dwe angaje yo a respekte konstitisyon an, règleman enteryè yo, ak desizyon enstans dirijan pati a.
Atik 11Manm yo dwe angaje yo respekte konstitisyon an, règleman enteryè yo, ak desizyon enstans dirijan yo.

Dwa Manm (Atik 12)

  • Patisipe nan aktivite ak deba pati a
  • Vote nan eleksyon entèn pati a
  • Prezante kòm kandida nan eleksyon entèn ak pòs nan pati a
  • Enfòme regilyèman sou desizyon ak aktivite pati a

Devwa Manm (Atik 13)

  • Respekte estati, règleman ak desizyon pati a
  • Pwomote ide ak valè pati a nan tout aksyon yo
  • Patisipe aktèlman nan reyinyon ak aktivite pati a òganize
  • Peye kotizan yo ak satisfè obligasyon finansye anvè pati a

Sanksyon Disiplinè

Atik 14Nenpòt mankman grav ak prensip, valè, ak règleman pati a ka mennen sanksyon disiplinè soti nan blam rive nan eksklizyon, selon modalite ki defini nan règleman entèryè.
Atik 15Komisyon Konfli a se yon ògan esansyèl nan pati a. Wòl li se kenbe disiplin, jere konfli entèn, ak asire ke prensip ak valè pati a respekte pa tout manm yo.

Chapit III — Estrikti Òganizasyonèl

Kongrè Pati A

Ògan siprèm desizyon an

Konsèy Nasyonal (CN)

Palman pati a — reyini chak mwa

Direktwa Nasyonal (DN)

Ògan egzekitif pati a

Komisyon Espesyalize

Trete kesyon espesifik

Kongrè Pati A (Atik 16-17)

Kongrè UPPCH se ògan siprèm desizyon Pati a. Li konpoze ak tout manm pati a epi li reyini tout twa an. Kongrè a responsab pou adopte oryantasyon politik, chanje konstitisyon an, ak eli manm direktwa nasyonal la.

Konsèy Nasyonal — Wòl (Atik 18)

Ant de kongrè, direktwa pati a asire pa Konsèy Nasyonal li. Konsèy la egzekite tèks oryantasyon majorite kongrè a adopte, li reyini omwen yon fwa pa mwa. Li konstitye an kèk sò palman pati a, paske li se reflet dirèk reyalite sansibilite ak kouran pati a.

Konpozisyon Konsèy Nasyonal (Atik 20)

  • A) Manm komite direktwa pati a (CDI)
  • B) Kòdonatè Depatmantal (CD)
  • C) Kòdonatè Kominotè (CC)
  • D) Kòdonatè Seksyon Kominotè (CSC)
  • E) Kòdonatè Entènasyonal (CI) peyi kote UPPCH gen reprezantasyon
  • F) Yon reprezantan pou chak asosyasyon eli pati a
  • G) Reprezantan òganizasyon ki gen reprezantasyon serye (omwen mwatye manm yo se manm pati a)
  • H) Prezidan/Prezidant Mouvman Jèn pou Chanjman Ayiti (MJCH)
  • I) Mouvman Fanm pou Chanjman Ayiti (MFCH)
  • + 34 manm eli pa Kongrè Nasyonal; Majistra chèf-lye depatman yo; Palmanntè ak manm gouvènman ki manm UPPCH

Direktwa Nasyonal (Atik 24-26)

Direktwa nasyonal a se ògan egzekitif pati a, responsab pou aplike desizyon Kongrè a ak jere pati a chak jou. Li konpoze ak Prezidan, Vis-Prezidan, Sekretè Jeneral, Trezorye, Konseyè, ak sekretè komisyon ak tematik yo. Manm yo eli pou yon manda twa an renouvlab; omwen 15 manm.

Chapit IV — Pran Desizyon & Eleksyon Entèn

Pwosedi Pran Desizyon

Atik 29Desizyon yo pran pa vòt majorite senp, sof si estati a di lòt bagay.
Atik 30Desizyon enpòtan — tankou chanjman nan estati — nesesite de-tyè majorite kalifikasyon manm ki prezan yo.

Eleksyon Entèn

Atik 31Eleksyon entèn pati a fèt tout twa an nan Kongrè Pati a.
Atik 32Tout manm ki an règ ak obligasyon yo ka prezante kòm kandida nan eleksyon entèn.

Manda ak Dire (Atik 33)

Dire manda pou diferan pòs nan pati a se twa an, renouvlab.

Chapit V — Finans Pati A

Sous Finansman (Atik 34-35)

Finansman pati a soti prensipalman nan kotizan manm yo, don, sibvansyon piblik, ak aktivite kolèkt fon. Pati a angaje li a refize tout finansman ki kontredire valè ak prensip li yo.

Jesyon Finansyè (Atik 36-37)

Fon pati a jere pa Trezorye a anba sipèvizyon Komite Egzekitif la. Yon transparans total egzije nan jesyon finansyè, ak rapò finansyè regilye prezante bay manm yo.

Chapit VI — Revizyon Konstitisyon

Atik 38Revizyon estati a ka pwopòze pa direktwa nasyonal la oswa konsèy nasyonal la, oswa pa omwen yon tyè manm pati a.
Atik 39Tout chanjman dwe apwouve pa de-tyè majorite manm ki prezan nan Kongrè Pati a.

Chapit VII — Dispozisyon Final

Atik 40Estati sa yo antre anvigè depi kongrè Pati Haïti Solidaire adopte yo.
Atik 41Konsèy nasyonal a responsab entèpretasyon estati sa yo an ka dezakò oswa divèjans opinyon.

Chapit VIII — Komisyon Konfli

Konpozisyon (Atik 42-43)

5 manm eli pa Kongrè Pati a pou yon manda de an renouvlab. Manm yo dwe manm pati a depi omwen yon an, rekonèt pou entegrite, enpasyalite, ak angajman yo anvè valè pati a.

Pwosedi (Atik 47-50)

Lè yon plent depoze, Komisyon an dwe enfòme tout pati konsenan yo ak ba yo opòtinite prezante agiman ak defans yo. Ankèt yo fèt yon fason endepandan ak enpasyal. Desizyon yo pran pa majorite manm ki prezan, yo dwe ekri, motive, epi notifye pati konsenan yo. Pati yo ka fè apèl devan Konsèy Nasyonal la, ki juge an dènye enstans.

Sanksyon Disiplinè (Atik 51-52)

  • Avètisman
  • Blam
  • Sispansyon tanporè dwa manm
  • Eksklizyon definitif pati a

Endepandans & Konfidansyalite (Atik 53-55)

Komisyon Konfli a egzèse fonksyon li nan tout endepandans pa rapò a lòt ògan pati a. Deliberasyon yo konfidansyèl; manm yo obligé sekrè pwofesyonèl. Komisyon an prezante yon rapò anyèl aktivite li bay konsèy nasyonal la, an respektan konfidansyalite dosye yo.

Chapit IX — Prensip (Tit II)

Aksyon politik manm fondatè pati UPPCH yo enskri nan kad Manifèst pati a. Manm yo aksepte "deklarasyon prensip", estati, Manifèst, ak desizyon Pati a.
Atik 56Òganizasyon ak fonksyònman Pati a enspire pa prensip sosyal-demokrasi, kritik ak oto-kritik, ak liy jis mas yo.
Retounen Paj Prensipal